home
about us
rationale
articles
bibliography
NY Coalition
events
endorse
donate
forums
links

legislation
contact us

Kwalisyon New York 
pou elaji dwa pou vote

Kesyon moun mande pi souvan

Ki sa Kwalisyon an ye?
Kwalisyon New York pou plis dwa pou vote se yon oganizasyon kap travay pou sipote lejislasyon lavil la ak eta a kap bay imigran dwa pou yo vote nan eleksyon minisipal.

Ki definisyon yon habitan? Ki moun kap benefisye de kanpagn sa a?
Lejislasyon an ap bay tout moun kap viv New York e ki gen laj pou vote dwa pou yo vote san papye imigrasyon yo. Le plis sitwayen patisipe nan zafè sivik e politik, sa met presyon sou moun yo eli lavil New York la pou reprezante bezwen pèp sa. Se tout moun New York kap benefisye de yon gouvènman ki byen reprezante moun nan vil la.

Èske pa gentan gen yon lwa nan konstitisyon an ki bay imigran dwa pou vote New York?
Pa gen anyen nan konstitisyon an ki di ke imigran yo paka vote.

Èske sa fèt deja?
Habitan nan detwa zon nan Maryland gentan vote nan eleksyòn ki fèt lokal. Moun nan Lejislasyon nan San Francisco avek Washington, DC ap eseye fè menm bagay la pou habitan nan zon pa yo. Nou konnen ke habitan New York ka fè sa tou byen fasil e san kob paskè anpil moun gen pitit yo nan lekol piblik e moun sa yo ka vote nan eleksyon kap fèt nan lekòl. Se te yon dwa ki te pase nan ane 2004.

Èske pa gentan gen yon lejislati nan New York sou koze sa?
Gen de dwa pou vote nan Asanble leta, men, tou lè de se pou moun ki gen rezidans pemanan. Kwalisyon sa ap sipote lejislasyon ki liberal e ki inkli tout moun anviron. Pou kounye a pa gen pyès dwa pou vote nan lejislasyon nan consèy lavil.

Èske li posib politikman pou habitan vote?
Wi. Gen plizyè manb nan consèy lavil New York e nan asanble New York ki sipote dwa pou vote pou rezidan. Kwalisyon New York la reprezante an ban oganizasyon avèk kèk sendika. Ansanm, nou reprezante plizyè rezidan New York. Avèk yon gran kwalisyon nou ka reisi!

Si imigran jwen dwa pou vote, èske yo ka toujou aplike pou yo vin sitwayen?
Gen plizyè rezon pou yon moun aplike pou yo ka vin sitwayen. Sèlman moun ki sitwayen, gen paspo Ameriken e yo ka vote nan eleksyon federal, e yap resi lot benefisi de gouvènman. Le pli souvan se imigran ki patisipe politikman e ki gen dwa vote ki plis aplike pou yo ka vin sitwayen.

Kijan mwen men, ou byen oganizasyon pam nan ka patisipe?
Pou sipote kanpagn pou etann dwa vote, ou byen pou patisipe nan koze sa, chèche contakte Cheryl Wertz, dirèkte Aksè Gouvenman nan Nouvo Kominote Otorizasyon pou Imigran (NICE).