home
about us
rationale
articles
bibliography
NY Coalition
events
endorse
donate
forums
links

legislation
contact us

Kwalisyon New York
pou elaji dwa pou vote

Petisyon d'prinsipe

Fe tout abitan vote se dezyem aproch nan efo pou etann demokrasi.
Bati yon demokrasi se prosè evolisyon kap toujou kontinye. Fi ak moun nwa konbat batay pou dwa pou yo vote. Sa gen plis ke 40 tan depi nou deklare 21 nan laj pou vote. Se lè pou nou inkli imigran nan demokrasi. Dwa pou abitan vote se pa yon dwa nouvo, se yon restorasyon de yon tradysion ki te la depi lontan. Pou premye 150 tan nan istwa zetazuni, imigran nan amerika a te gen dwa pou yo vote. Se nan komansman 19yem siek la ak fin 20tiem siek la, le anpil moun tap repouse imigran yo ke imigran yo pedi dwa pou yo vote. Kri Batay revolisyion an: "nou pa vle taks san reprezentasyon", impotan jodi-a menm jan li te impotan 200 zan desa.

Vote abitan se konstitisyonel.
Pa gen anyen nan konstitisyon zetazuni an ni konstitisyon lavil New York la ki anpeche imigran kap viv New York pou yo vote nan eleksyon minisipal. Abitan gentan gen dwa pou yo vote nan kèk pati nan zetazuni an e nan lot zon tou. Abitan imigran gen dwa pou yo vote nan eleksyon kap fèt lokal nan pati nan Maryland, Massachussets, e anviron lemonn. Lejislati nan San Francisco ak Washington, DC gen entansyon pran menm aksyon sa. Li sèlman bon pou New York, kay Estati Libète ak zile Ellis la, fe pati vil sa yo ki bay abitan imigran dwa pou yo vote.

Lavil New York gen yon istwa sou zafe vote abitan.
Tout abitan ki gen pitit yon nan lekol piblik nan lavil New York, san gade sou estati sitwayen yo, gen dwa pou yo vote nan eleksyon kap fèt nan lekol sa. Dwa sa te pase nan 2004.

Tout moun sipoze di yon bagay nan lwa kap gouvène yo.
Lwa yo aplike pou tout moun nan yon sosyete. Sèvis ke gouvenman etabli se pou benefis piblik la anviron, pa sèlman yon gren moun. Nan lavil New York, piblik la inkli plis ke 1.3 milyon imigran ak laj pou vote, ki peye taks, e ki merite di yon pawol nan lwa kap gouvene yo e nan pwogram ke yo peye pou yo e sèvis yap itilize.

Nou bezwen fèmen baryè ant gouvènman lokal la ak pèp li sèvi a.
Ofisyel gouvènman New York pa ase e pa byen reprezante pèp la. Etann dwa pou vote ap ogmante angajman pèp la nan bagay sivik, ak politik nan New York e tou sa ap asire ke moun yo eli yo pral reprezante pèp la e konsidere bezwen pèp la byen.

Imigran fè anpil kontribisyon, finansyelman, sosyalman, e kiltirèlman.
Vini yon sitwayen ameriken kap pran o moin 10 zan. Chak ane, imigran peye $18.2 milyon pou taks nan eta New York e yo reprezante 15.5% nan reveni taks eta a. Imigran kontribye nan aspè sosyal ak aspè kiltirèl nan lavil la.

Pou sipote kanpagn sa ou byen pou fè kontibisyon, kontakte Cheryl Wertz nan Nouvo Kominote Otorizasyon pou Imigran (NICE).